Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Anons
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen
Nouvèl:
-Madi yè a Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro te nan Mezon Blanch al pran lang ak Gwo Moso Donald Trump; Trump di se jan l pran Maduro a ki fè Petro pise nan kanson l
-Gouvènman Delcy Rodriguez la ak Palman an nan Venezyela vote yon nouvo lwa k ap jere fason luil Venezyela a ap vann
-Sekretè Jeneral Nasyonzini an Antonio Gutteres di si Etazini pa kontinye bay òganizasyon kontribisyon l te toujou ap bay la (apeprè 25% bidjè a) bwat fatra a ap fè fayit
-Gouvènman Meriken an vote repreantan li nan Mali pou l al esplike Alyans peyi Sahel yo se yon sèl chimen k mennen nan paradi, nan demokrasi; Si yo pa vire do yo bay Larisi ak Lachin sa l wè pou yo Antwàn nan Gonmye pa wè li
Liy ouvè ak oditè yo
Anons