Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...

*******

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Ranmase sou "Town Miting" KOMOKODA fè yè dimanch la nan lokal Flanbwayan an

Konbit pou Gofundme pou Jean Wilson Brutus la ap vale teren:
https://www.gofundme.com/f/honoring-jean-wilson-brutus-who-died-in-ice-custody

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines

Sa m di nan sa - Feliks Moriso Lewa

Nouvèl:
-Konsèy Sekirite Nasyonzini renouvle manda BINUH pou yon lannen, jiska 31 janvye 2027
-Ak 45 milya "Big Beautiful Bill" la mete nan kòfrefò Imigrasyon ICE ap mache achte espas pou yo anprizone imigran tribò babò
-Jij Susan Wigenton nan Newark, NJ fòse ICE lage sitwayen Ayisyen Genor Jean François ICE te arete malgre l te gen TPS
-Trump di TPS pou Ayisyen ap kanpe demen 3 fevriye a; Kouman l pral fè sa la? Epi bò kote noumenm Ayisyen, pou di n bezwen ap pale kòmkwa se lavi nou ki bout si pou tout bon nou ta gen pou n tounen lakay nou?
-Ata ansyen depite Meriken rasis, Repibliken Newt Gingrich di li lè pou etazini konsidere yon amnesty pou tout imigran san papye ak sa k pa gen yon estati pèmanan nan peyi a; Jounalis Repibliken rasis Sean Hannity pwopoze pou imigran k pa gen estati pèmanan yo ta annik peye $2000 pou yo regilarize dokiman yo

Liy ouvè ak oditè yo


Anons