Listen

Description

Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Refleksyon nou sou mesaj Lionel Legros sou bwat fatra k rele Haiti Liberté a; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Liy ouvè ak oditè yo; Anons

*********

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Konbit pou selebrasyon 15 lannen Radio Omega k ap fèt samdi nan Brooklyn nan: 347-985-2031

Refleksyon nou sou mesaj Lionel Legros nou resevwa ki anonse nou rezolisyon "fèm" Ekip "Konferans anyèl sou Kreyòl Ayisyen" nan Brooklyn nan te pran parapò ak  jounal Haiti Liberté; Batay pou noumenm Ayisyen nou viv ak diyite lakay nou an ap ranpòte laviktwa kanmenm!

Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista

Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass

Nou kore pwopozisyon yon oditè etranje k te rele nan WBAI la pou mande pou tout legliz nan zòn nan bay kèt y ap fè dimanch la pou ede viktim siklòn Melissa yo nan Ayiti, Jamayik, ak Kiba

Liy ouvè ak oditè yo

Anons