Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Ranmase sou konferans CEMOTAP sou inite nan kominote nwa a ki te fèt samdi 30 out la; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence; Liy ouvè ak oditè yo; Nouvèl; Anons ...

*******

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Ranmase nou sou konferans CEMOTAP sou inite nan kominote nwa a ki te fèt samdi 30 out la

Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph

Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou mèsenè Ameriken dorijin Ayisyen Rod Joseph ak mèsenè Meriken Erik Prince ki se 2 chen menm mèt; Pawòl ki di se dyaspora Ayisyen an ki onèt epi konpetan epi k apral kite peyi blan pou n al sove Ayiti a se yon blag ki ta dwe fè tout moun ri

Liy ouvè ak oditè

Nouvèl:
-Jedi pase Israel ak Etazini tire misil ki sasinen Premye Minis Houthi a epi an revanch Houthi yo atake yon gwo batiman komès Israel k ap sikile ak drapo Liberia
-Gwo Moso Donald Trump anonse l apral bay ansyen majistra rasis vil New York la pi gwo meday lonè ak merit yo ka bay yon sitwayen nan peyi a 

Anons