Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; selebrasyon Endepandans Ayiti 3PM, jedi Premye janvye nan Flanbwayan; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Dyalòg ak ti frè nou Ezayi Jil, manm MOLEGHAF sou ane 2025 lan; Anons ...

*******

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Konbit pou selebrasyon Endepandans Ayiti 3PM, jedi Premye janvye nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan

Nouvèl:
-Etazini anonse yo rive sou 30 ti kannòt li bonbade arebò Venezyela sou pretèks se teworis ki t ap pote dwòg Ozetazini; Yo di kounyè yo di rive sasinen 107 "teworis"
-Canada di yo kenbe epi arete 19 Ayisyen ki te travèse fwontyè nan gwo fredi a (pami yo yon timoun yon lane ak yon lòt 3 an) epi li voye yo tounen Etazini
-Yè lendi a depite Meriken Sheila Cherfilus McCormick te [arèt devan jij pou akizasyon dwèt long siperyè epi detounman lajan leta ki te tonbe nan men l san se pa li k te voye chache l

Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph

Dyalòg ak ti frè nou Ezayi Jil, manm MOLEGHAF sou ane 2025 lan

Anons
-Jedi Premye janvye, 2026 3pm: Selebrasyon 222 lannen Endepandans Ayiti nan Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd
-Lendi 12 janvye 2026, 2pm: Manif devan Fondasyon Clinton pou make 16 lannen depi Goudougoudou a