Sandra Florvela nan #MoneyTalks ak -#MadanJacques
Yon jèn ayisyèn ki kite peyi a lè l te timoun, mè li pat kite idantite l, li pa janm pèdi atachman l ak kilti a. Kom fanm Ayisyèn li reyisi louvri yon antrepriz teknoloji poul bay kominote ayisyen an sèvis ak fè pwomosyon tout sa ki ayisyen. Kompayi sa a se #HaitianBusinesses. Nan tout sa Sandra fè pou l fè lajan, li jwenn mwayen pou li fè pwomosyon Ayiti. Tande kijan li reyisi fè tout bagay sa yo pandan tou ke lap leve 2 timoun.