Listen

Description

Kèlkeswa pwojè w ap antreprann, li enpòtan pou w rekeyi bon jan enfòmasyon k ap ede w kreye bon baz pou atenn objektif ou.

Se menm jan nan maketing, ou pa ka rive fè siksè sou mache w la si w pa gen done sou piblik ou sible a, tandans mache sa e menm konkirans lan.

Byenvini nan podkas Espas Maketing, nan epizòd sa mwen :

• Pale de enpòtans rechèch ak analiz done genyen nan maketing,

• Dekri kèk sous kote w ka rekeyi enfòmasyon w bezwen yo,

• Pataje 5 zouti pou ede w fè travay sa menm si w se yon debitan.

Si w se yon pwofesyonèl, biznisman, pèsonalite piblik, konsèy ki nan epizòd sa yo ap itil ou anpil.

Tande l kounya, e pa neglije pataje l.