Al wè sikològ, pa nan abitid anpil moun. Poutan, sikològ yo la pou ede n afwonte kriz emosyonèl ki ka afekte byennèt nou. Nan epizòd Mentalitude sa, Carel Pedre, Christine, John ak Senghor eksplike rezon ki te fè yo al wè yon sikològ epi kòman eksperyans lan te ye.