Listen

Description

Gino se yon masisi ayisyen ki gen 45 lane. Li etidye kominikasyon sosyal nan FASCH. Menm jan ak anpil lòt omoseksyèl an Ayiti, asime oryantasyon seksyèl li trennen anpil konsekans tankou diskriminasyon ak lòt sousi emosyonèl. Kilè l dekouvri li gen atirans pou gason ? Kòman antouraj li te konprann sa ? Kòman li viv ak tout blokaj sosyal yo ? Li te reponn tout kesyon sa yo ak anpil lòt ankò nan epizòd Mentalitude sa.