Apre eksperyans li nan divès medya an Ayiti, Obed Lamy sot fè yon metriz nan jounalis nan peyi Etazini. Pou kounya li ap fè yon karyè nan domèn dokimantè. Kote pasyon pou jounalis sa soti? Kòman l rive entegre l nan sosyete ameriken an ? Obed se envite nou nan epizòd Mentalitude sa, kote li ap pale de pakou li, ki ka sèvi w kòm enspirasyon.