Sendwom kè brize nan lanmou se yon ansanm eta ak pwosesis sikolojik yon moun travèse pou eksprime desepsyon ak fristrasyon li aprè yon relasyon santimal ki kraze. Nan epizòd Mentalitude sa, w ap jwenn estrateji pou sòti nan soufrans emosyonèl sa, ki konn gen gwo enpak sou lavi moun ki afekte a.