Vyolans seksyèl, se tout kontak ak tantativ rapò seksyèl ki fèt sou yon moun san konsantman li. Vyolans sa ka pran divès fòm tankou asèlman, presyon sikolojik, fòs fizik, penatrasyon fòse elatriye. Se yon krim ki gen gwo enpak nan lavi viktim yo. Kèk nan yo konn menm rive touye tèt yo aprè.