Èske drapo nou an reprezante menm bagay ke li te reprezante 200 zan de la? Mwen pa kwè sa, mwen pa kwè jenerasyon sa bay drapo a valè. Mwen pa kwè ke moun ki nan pozisyon lidèchip yo jwenn objektif yo nan istwa drapo a. Mwen pa kwè ke jèn yo konprann sans e pri libète yo ap jwi a.