Lè w yon manman se pa yon tach fasil ditou, men yon manman an Ayiti se yon lòt defi. Pou rezon sa nou mete manman ayisyen yo apa. Nou mete yo nan yon lot etap pase tout manman. Se pa paske yo pi bon pase lòt manman yo; men kapasite yo pi gran, paske kondisyon, anviwònman ak sikonstans yo plis poze yon chanllenge.