Nan epizòd sa, Emmy chita avèk Magalie Dresse. Magalie se yon kokennchenn antreprenè, yon profesyonèl pasyone men ki reyalize kijan renmen, okipe, ak pran swen tèt li chanje lavi l pou l vin pi epanoui. Medam yo pale tou de enpòtans retire laperèz nan lespri nou pou nou kapab avanse... konvèsayon sa chaje ak bon bèt, Al tande!