Nan epizòd sa , Emmy chita avèk Emmanuelle Elie ak Elizabeth Nicoleau. Emmanuelle ak Elizabeth , se de avoka antreprenè , de manman , de fanm vanyan kap evolye nan sosyete a. Medam yo pale de tout kalite discriminasyon fanm sibi nan Lavi chak jou épi yo te pataje kèk lwa nan peyi a kap kraze fanm e ki ta dwe chanje.
Konvèsasyon sa a ap enspire nou poun pa selman panse a dwa fanm nan sans legal la, men nan jan nou panse , nan jan nou konpòte nou, nan jan nou elve pitit nou , nan jan nou sipòte fanm parèy nou.