Nan epizod sa , Emmy chita avek Vanessa Bastien pou yo pale de pwoblèm enfètilite. Anpil fanm ki gen difikilte pou yo fè pitit ap soufri an silans. Konvesayon sa , kote Vanessa pataje experyans li, ka bay yo kouraj ak fos, pou yo konnen yo pa poukont yo. Medam yo te pwofite sansibilise tout oditris yo pou yo pa neglije al kay jinekolog.