Anou koute ak mwen!
🎙️ Epizòd: Remake ak Difikilte Jèn Manman Yo
Lapriyè!
“Benediksyon pou tout moun k ap koute nou jodi a. Bondye, beni chak fanm ak chak timoun, gide yo nan desizyon lavi yo. Amèn.”
⸻
1. Sitiyasyon Jèn Manman yo
Yon jèn fanm ki divòse souvan santi l pou kont li. Gen presyon sosyal, fanmi, zanmi ki di: “Ou twò jèn pou w rete san mari, chèche yon lòt moun.” Men verite a, prese prese antre nan yon nouvo relasyon ka pote gwo danje.
⸻
2. Danje ak Risk yo
• Stèp-papa yo ak Timoun yo
– Gen anpil ka kote timoun sibi move manyen oswa abiz seksyèl nan men stèp-papa.
– Timoun konn pè, yo pa vle pale, sa konn kraze lavi yo.
• Diskisyon ak vyolans
– Lè relasyon an pa solid, li ka vin chaje ak chire pit, jouman, epi timoun yo grandi nan yon anviwònman vyolan.
• leson Lavie!
– Gen gason ki ante pou yon ti tan, lè bagay yo vin difisil yo kite manman an ak pitit la. Jèn manman sa konn ret pou kont li ankò, sa kreye plis doulè pase anvan.
⸻
3. Konsèy pou Jèn Manman yo
• Pa prese remake: pran tan pou geri blesi divòs la.
• Pwoteje timoun yo an premye: chèche sekirite emosyonèl, pa sèlman sekirite finansye.
• Fè konfyans nan Bondye: Li konnen plan lavi w.
• Bati tèt ou: edikasyon, travay, lafwa — sa pi solid pase depann sou yon moun ki ka fè ou mal.
⸻
4. Vèsè Biblik pou Mete Limiè
📖 Pwovèb 14:1
“Fanmsaj bati kay li; men fanm sòt kraze l ak pwòp men l.”
Sa vle di nou dwe pran desizyon avèk sajès, paske lavi timoun yo depann de sa tou.
⸻
(Finisman)
“Se te Coach Linda sou The Coach Linda Show. Jèn manman, ou gen valè. Pa kouri antre nan men yon gason ki ka kraze ou plis. Pran tan ou, kite Bondye dirije chimen ou. Pa bliye pataje epizòd sa ak yon lòt manman pou ede l.”
Please download this app record your podcast 👉 https://riverside.sjv.io/093nzY
Please Donate to Coach Linda Charity 👉 https://www.paypal.com/donate?hosted_button_id=GDZJ9G2YT8P94