Listen

Description

“Bonjou pitit mwen yo, se Coach Linda sou Coach Linda Show! Jodi a, m vin pale ak ou sou lafwa ak pèseverans. Gen moman ou ka santi w fatige, ou lapriyè men ou pa wè chanjman. Ou fè byen, men ou toujou sibi lenjistis. Men tande sa Bib la di: pa lage!

Ebre 11 di nou: lafwa se kwè nan sa nou pa wè. Ou poko wè solisyon an? Pa panike. Bondye toujou ap travay an silans.

Nan Jak 1, li di lè w pèsevere nan eprèv, w’ap vin pi fò, pi maton, pi beni.

Pa bouke fè byen, menm si pèsonn pa remèsye w. Lè rekòt la rive, se ou menm k’ap jwi li.

Se pou ou kenbe lafwa w, pèsevere, e sonje: Bondye pa janm an reta.

Si pesonn pa di ou sa jodi a: Bondye renmen ou, e Coach Linda la pou sipòte w.”*

Tèm: “Lafwa ak Pèseverans: Kenbe, menm lè tout bagay parèt fini”

✝️ Vèsè Biblik yo:

  1. ​ Ebre 11:1

Lafwa se konfyans nou mete nan bagay nou espere yo. Se konviksyon nou genyen nan bagay nou pa wè yo.

  1. ​ Jak 1:2-4

Lè eprèv tonbe sou nou, pa dekouraje. Paske eprèv fè lafwa nou vin solid. Epi lè nou pèsevere, n’ap vin moun ki konplè.

  1. ​ Galat 6:9

Ann pa bouke fè sa ki byen. Paske nou va rekòlte si nou pa lage. Men swiv nou 👉https://www.facebook.com/share/1G5j61jz8J/?mibextid=wwXIfr