lafwa.
🎙️ The Coach Linda Show – Walking Through Faith and Meekness/ mache nan lafwa ak imilite .
📖 Vèsè Bib la
“Come unto me, all ye that labour and are heavy laden, and I will give you rest. Take my yoke upon you, and learn of me; for I am meek and lowly in heart: and ye shall find rest unto your souls. For my yoke is easy, and my burden is light.”
— Matthew 11:28–30
⸻
✨kè leson an
Nan lavi nou chak, gen moman nou santi chay yo twò lou: lekòl, travay, pitit, ak tout lòt responsablite. Jezi envite nou pote tout bagay sa yo vin jwenn li. Li pa mande pou nou gen tout repons yo; li mande sèlman pou nou fè konfyans li.
Fè lafwa vle di mache ak Bondye menm lè nou pa wè tout chemen an. Lè nou ajoute dousè ak imilite (meekness), nou aprann kite volonte Bondye gide nou olye n ap chèche fòse bagay yo mache fason pa nou. Se lè sa a nou jwenn repo vre nan nanm nou.
Elder Jeffrey R. Holland te konn raple nou ke Bondye pa janm kite nou pou kont nou nan chay lavi yo. Li toujou la pou ranfòse nou, menm nan pi gwo feblès nou.
⸻
💡 Panse pou pran avè w
• Lafwa se pa sèlman kwè; se pran aksyon chak jou ak kè kontan.
• Meekness se pa feblès; se fòs pou kite Bondye dirije lavi w.
• Repo Jezi pwomèt la se pa sèlman nan pwochenn lavi a, men kounye a, lè nou chwazi mache ak li.
Èsè yo!
📖 Vèsè sou Lafwa
1. Ebre 11:1
“Lafwa se konfyans nan sa n’ap tann, se prèv bagay nou pa wè yo.”
2. 2 Korentyen 5:7
“Paske se avèk lafwa n’ap mache, se pa avèk sa je nou wè.”
3. Women 10:17
“Se konsa lafwa soti nan sa nou tande; epi sa n’ap tande a soti nan pawòl Bondye.”
4. Jak 1:3
“Paske nou konnen lè lafwa nou sibi eprèv, sa ban nou pasyans.”
5. Matye 17:20
“Si nou gen lafwa tankou yon grenn moutad sèlman, n’a di mòn sa a: Wete kò ou isit la, al lòt bò a, li va wete kò l; pa p gen anyen ki va enposib pou nou.”
6. Efezyen 2:8
“Se pa favè Bondye nou sove, pa lafwa. Sa pa soti nan nou menm; se kado Bondye li ye.”