🎶 “Bondye se refij mwen, fò mwen, nan Li m jwenn kouraj…” 🎶
⸻
👉 Deteronòm 31:6
“Fè kouraj, pa pè. Paske Seyè a menm ap mache avè nou; li p ap janm lage nou, li p ap abandone nou.”
⸻
Gen moman nan lavi kote ou santi w pou kont ou. Men Bib la raple nou Bondye pa janm lage pitit li yo. Li la menm lè moun vire do ba ou. Bondye se zanmi ki pa janm trayi, Papa ki toujou ouvè bra l pou resevwa ou.
⸻
⸻
Lapriyè!
“Bondye Papa, mèsi paske ou toujou bò kote m. Lè m santi m pou kont mwen, ede m sonje ou la. Ban m fòs pou m ka ankouraje lòt moun tou. Amèn.”
⸻
Tande!
✨ “Mwen se Coach Linda, yon sèvitè k ap pataje pawòl ki bay fòs chak jou. Si ou bezwen plis meditasyon tankou sa a, swiv Coach Linda Show sou Facebook, TikTok, ak YouTube. Ansanm n ap grandi nan lafwa, nan fòs, nan lanmou.”
🥰please donate to The Coach Linda Charity: https://www.paypal.com/donate?hosted_button_id=GDZJ9G2YT8P94
And download the riverside app: https://riverside.sjv.io/093nzY