Jounen 19 dawout se jounen mondyal fotografi. Pou make jounen sila, Za te fè yon chita pale ak Ryjnov Rémy ki se yon jèn fotograf nan vil Okap pou pale de kèk bagay ki gen rapò ak fotografi. Tankou kisa fotografi ye, kilè yon foto bon, kisa ki esansyèl pou ka gen yon foto... Yo te fè yon pale tou sou "droit d'image" , èske paske yon moun voye foto l pou ou ou gen dwa fè sa w vle avè l? Ryjnov te pale ak nou tou de kèk pwojè li gen...