Listen

Description

Semèn sa nou te chita pale ak Esterlin, yon konpatriyòt nou kap etidye nan inivèsite Gent, Bèljik. E kòm d'abitid nou pale ak li de pwosesis pou l rive la e kòman ekspreyans lan ye pou li.

E l te pale ak nou de enstitisyon ki pèmèt li finanse etid li, ki se VLIR-UOS. Se yon entitisyon nan peyi bèljik ki sipòte patenarya ant inivèsite ki nan zòn Flanders (Bèljik) ak nan peyi sid yo. Objektif la se chèche repons inovatè a defi mondyal ak lokal yo, ankouraje koperasyon ant pwofesè, chèchè, ak konferansye epi bay elèv ak pwofesyonèl sibvansyon. E chak ane yo ofri bous inivèsitè nivo metriz nan divès domèn.