Nan dezyèm epizòd Dòtwa Talks sa, nou te pale ak Johane ki ap etidye nan Peyi Ba (La Hollande).
Li te pataje eksperyans li nan peyi sa, defi l te rankontre, nouvo kilti, ak benefis ki genyen nan etidye aletranje, sitou enpòtans ki genyen nan rezo ak bati relasyon ak moun pandan w ap etidye aletranje. Nou te diskite tou pwosesis pou aplike pou bous detid sa, konsèy pou elèv ayisyen ki ta kapab entèrese yo.
An jeneral, epizòd sa a ofri bon konprann pou nenpòt moun ki konsidere etidye nan Peyi Ba, oswa aplike spesifikman pou bous detid "SIDS Scholarship" la .