Listen

Description

Lafrans se youn nan peyi jèn ayisyen renmen vize pou etid siperyè yo, paske yo deja metrize lang lan, e sistèm etid la ase similè ak pa Ayiti a, de faktè ki rann adaptasyon an pi fasil pou nou. Nan epizòd sa ak Ruth Desamour, ki fè yon master na peyi sila, nap aprann kòman l te fè pou rann sa posib, kijan pwosesis la te ye depi Ayiti (admisyon nan inivèsite a, vizan nan anbasad la), kòman eksperyans lan te ye pou li an Frans e ki satisfaksyon l.
Nou pwofite mandel detay sou anpil aspè nou konnen ki ka entèrese w, epi sitou ki ka enspire w.