Kisa ki enfidelite nan kad relasyon womantik yo? Èske relasyon ouvè se yon solisyon pou kwape enfidelite? Nan epizòd sa a, Stevens ak Yves-Marie ap brase lide sou konsekans enfidelite konn genyen, sou de pwa de mezi sosyete nou an genyen pou enfidelite fanm ak enfidelite gason, sou sa ki enfidelite pou yo.
Rekòmandasyon semèn lan: pòdkas Elles sont; pòdkas Multiamory.