Ki jan yo defini gason? Nan premye epizòd Verite Sou Tanbou a, Yves-Marie ak Stevens dekòtike kesyon sa pou ou. Nan epizòd sa, nou tou pwofite manyen kèk lòt dosye pate cho ki t ap fè aktyalite...
Nan fen epizòd la nou site kèk referans ak rekòmandasyon:
1)Yves-Marie:
TikTok (anglè): @DonnellWrites
Liv: Le génocide voilé (Tidiane N'Diaye)
2) Stevens:
Podcast: Les couilles sur la table
Liv: Regards sur les hommes et les masculinités (Jean Martin Deslauriers ak lòt otè, edisyon PUL, 2022).
Sonje w ka voye nòt vokal pou nou. Si w renmen sa w koute a, sonje pataje l ak zanmi w.
Nou lage yon nouvo epizòd chak 2 semèn, jou jedi.