Nan epizòd sa, nou resevwa 2 envite, Gio Casimir ak Thara Layna Saint Hilaire, pou pale nou de sitiyasyon Kominote M nan ann Ayiti. Nou envite w suiv yo sou rezo sosyal.
Anvan, nou diskite sou aktyalite popilè nasyonal ak entènasyonal, espesyalman dosye Frankétienne nan ak dosye soumaren ki t al chèche vizite epav Titanic lan. Nou pale tou de plizyè santèn refijye ki mouri nan lanmè e konpare atansyon medya bay chak dosye sa yo.
Randevou kase pou jedi 6 jiyè pou yon lòt epizòd.