Listen

Description

Epizòd sa a pote yon konvèsasyon enspire avèk Dr. Sabine Lamour, PHD; pwofesè ak feminis angaje, sou istwa ak enpak Ligue Féminine d'Action Sociale nan mouvman feminis Ayisyen an. Avèk yon analiz ki pran rasin nan pase a, li klarifye enpak mouvman sa yo sou prezan an e bay vizyon li sou fiti batay fanm yo pou ekite ak dwa. Vin dekouvri kijan fanm Ayisyen yo te konbat pou fè vwa yo tande, epi kijan misyon sa a ap kontinye rezone pou jenerasyon k'ap vini yo!