Nan epizòd sa a nan "EDIKASYON SE RICHÈS", avèk profesè Pierre Negaud DUPERNOR, ki ap fè yon doktora nan zafè kominikasyon ansanm ak yon nouvo lisans nan sikoloji; nou explore wòl esansyèl kominikasyon nan devlopman peyi Ayiti. Nou diskite kijan medya, relasyon piblik, ak estrateji kominikasyon ka ede ranfòse enfrastrikti sosyal, ekonomik, ak politik nan peyi a. Men sitou wòl esansyèl li nan fòme fanm ak gason ki gen sans ak valè ki kapab kontribye nan renouvèlman sosyete a. Pa rate epizòd sa a ki chaje ak ide ak solisyon pou avansman Ayiti!
#EDIKASYONSERICHES #ANNPALESOSYETE #KominikasyonAyiti #DevlopmanAyiti #AyitiProgre #RelasyonPiblik #MedyaAyiti #Edikasyon #KominikasyonStratejik