Listen

Description

Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Jodi 17 avril 2025 la fè 200 lannen depi wa Lafrans Charles Dis te pibliye dokiman sou kondisyon pou Lafrans te rekonèt peyi nou; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons...


*****


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Jodi 17 avril 2025 la fè 200 lannen depi wa Lafrans Charles Dis te pibliye dokiman sou kondisyon pou Lafrans te rekonèt peyi nou


Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Detay sou desizyon jij federal Indira Talwani nan Boston ki bloke desizyon ekip Trump la ki te bloke pwogram Biden nan


Prezidan Lafrans lan Emmanuel Macron anonse l ap kreye yon komisyon franse ak Ayisyen pou yo ta pwopoze yon antant sou 150 milyon fran Lafrans te vòlè nan men Ayiti a


Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou manifestasyon KOMOKODA te fè Samdi 12 avril la nan Ditmas Park nan zòn lakay Kenneth Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an


Liy ouvè ak oditè yo


Nou mande kominote a pran yon angajman ansanm ak KOMOKODA pou nou rive fèmen jounal Kenneth Ives la, Haiti Liberté, ki se vwa teworis Viv nan San yo 


Anons