Listen

Description

Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Rapò ki soti Kiba sou selebrasyon Seremoni Bwa Kayiman ki fèt nan Holguin semèn sa a; Jodi a se jou zansèt nou yo te tanmen boule tout plantasyon epi koupe tèt blan pou yo te kase chenn lesklavaj - Nou jete dlo pou yo; Nouvèl; Anons ...

*****

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen

Rapò fanmi nou yo nan Kiba sou komemorasyon Seremoni Bwa Kayiman ki fèt semèn sa a nan Holguin nan Kiba

Se lannuit 21 pou louvri 22 out 1791 zansèt nou yo te leve kanpe nan Sen Domeng pou yo te mennen dènye batay ki te pral vin bout nan Revolisyon Ayisyen an; Nou jete dlo pou zansèt nou yo

Mobilizasyon pou manifestasyon KOMOKODA demen Vandredi 22 out, 3pm-6pm, 45th Street ak 1st Avenue nan Manhattan, anfans Misyon Etazini nan LONI epi anfas Nasyonzini

Refleksyon nou sou

Nouvèl:
-Nan rankont OEA yè reprezantan Etazini an anonse Kenya pa rive rezoud dosye Ayiti a ki fè y ap renmèt Nasyonzini dosye a pou yon lòt peyi pran responsabilite a epi y ap ogmante bidjè ak chif sòlda yo
-Konvansyon nan Brooklyn College sou kontribisyon dyaspora Ayisyen an pou leve Ayiti atè a
-Ekip Trump lan anonse si ap viv Etazini epi w aplike pou benefis leta, fò w ba gouvènman an aksè ak Facebook ou, TikTok ou, ak Instagram ou pou yo sètifye ou pa yon moun ki konn kritike politik Gouvènman Meriken an anvan yo ba ou kichòy

Anons