Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Nou jete dlo pou Vanyan Maurice Bishop ki tonbe 19 oktòb 1983 epi Vanyan Samora Machel ki tonbe 19 oktòb 1986; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Anons ...
*****
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou jete dlo pou ansyen prezidan peyi Grenad Vanyan Maurice Bishop ki tonbe nan batay la 19 oktòb 1983 epi ansyen prezidan Mozanbik Samora Machel ki tonbe nan batay li 19 oktòb 1986
Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen: Pa genyen yon "humanitarian parole" "Pwogram Trump" nan lari
Donald Trump bay bakoulou kripto Changpeng Zhao ki te gen pou peye Depatman Lajistis Meriken 4.3 milya dola vèt yon padon
Anons