Listen

Description

Mèsi pou oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Ti koze ak Raymond Dugué-UNIA sou selebrasyon Mwa Fanm yo; Nouvèl; Anons...

*****

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Anons

Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan òganizasyon UNIA, sou selebrasyon Mwa Fanm y ap fè dimanch nan Restoration Plaza nan Brooklyn nan

Nouvèl:
-Jij federal John McConnell Jr. deside ekip Gwo Moso a pa gen dwa bloke distribisyon lajan federal la te deja deside debloke
-Jij federal Jennifer Rearden di li dakò ak ekip Trump lan pou federal la pa renmèt lavil New York 80 milyon dola yo te depanse pou kay imigran san rezidans
-Zelensky prezante Mezon Blanch remèsiman ak eskiz li men li parèt sa panko prèt pou l ase pou ekip Gwo Moso a
-Kòm dènye zak li anvan l renmèt 'pouvwa' a demen Preyidan Ti Komik peyi nou Leslie Voltaire inogire "le future aéroport international Antoine Simon des Cayes" yè mèkredi a
-Konpayi avyon Jetblue ranvwaye dat yo te di y ap rekòmanse vòl li Ayiti soti fen avril la rive mwa jen

Liy ouvè ak oditè yo

Anons