Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; 80 lannen depi gouvènman kriminèl Meriken an te lage bonm atomik sou Hiroshima ak Nagasaki; Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl;  Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


*****


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Semèn sa a make 80 lannen depi Meriken te lage bonm atomik sou vil Hiroshima ak Nagasaki nan peyi Japon; Nou jete dlo pou tout viktim yo ak fanmi yo


Segman imigrasyon ak Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen


Nouvèl:
-Ti komik Fritz Jean blije pase "pouvwa" bay Ti komik Laurent Saint-Cyr ki limenm ta dwe renmèt bay yon prezidan eli 7 fevriye 2026
-Peyi Rwanda dakò resevwa 250 depòte ki se moun lòt peyi pou l fè Gwo Moso Donald Trump plezi


Anons