Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Anons:
-Lendi 19 me 2025: Randevou 7:30am nan Flanbwayan pou bis k ap mennen nou nan pelerinaj pou anivèsè nesans Vanyan Malcolm X nan jou ki ta fè li 100 lannen
-Madi 20 me Konsitisyon 1805, 7pm nan lokal Flanbwayan Haitian Literacy Project pou n selebre 220 lannen Konstitisyon Papa Desalin nan
-Mèkredi 21 me 2025, 3pm-6pm: Manifestasyon KOMOKODA nan 45th St & 1st Ave nan Manhattan pou n denonse enjerans ak vyolans Etazini ak Nasyonzini kont peyi nou


Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines


Nouvèl:
-Larisi komemore 80 lannen viktwa Inyon Sovyetik kont Nazi yo nan Moskou nan gwo aktivite ak patisipasyon prèske 30 dirijan ak lame lòt peyi zanmi Larisi
-Ekip Donald Trump lan pote yon pakèt dosye tribinal bloke devan Lakou Siprèm pou yo wè si y a jwenn lese pase
-Minis Afè Etranjè Kenya a Musalia Mudavadi ak Minis Afè Etranjè Repiblik Dominikèn siyen yon akò ki ta gen pou pèmèt sòlda Dominiken rantre ann Ayiti zam alamen pou al pral sòlda MSS la ki blese oswa ki mouri


Liy ouvè ak oditè yo


Lapolis ICE arete majistra Newark, NJ a Ras Baraka pandan l t ap patisipe nan yon manifestasyon kont yon prizon imigrasyon y ap renove nan zòn sa a


Anons