Listen

Description

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè Samdi a nan Ditmas Park nan zòn lakay Kim Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA fè Samdi a nan Ditmars Park nan zòn lakay Kim Ives k ap sipòte teworis yo k ap fè jenosid sou pèp Ayisyen an


Nouvèl:
-RNDDH pibliye yon rapò kote yo di soti 31 mas pou 8 avril pou pi piti 80 moun mouri nan Mibalè
-Ti vòlè KPT a Smith Augustin boule 100 mil dola vèt pou yon vwayaj 4 jou Ozetazini
-Dlo tèlman nan je majistra lavil NY la Eric Adams pou disko ki efondre nan Santo Domingo a li mete drapo vil la demima epi l vwayaje al pote kondoleyans li pèsonèlman bay rasis Abinader
-Blan nan New London, Wisconsin pran lari pou defann imigran CHNV yo ekip Trump lan ap eseye voye tounen lakay yo; "Amnesty General" tèt dwat!
-Sou dosye Tarif la Trump di l ap tann Lachin rele l pou negosye; Lachin di li atansyon pou l pa tounen "pwa tann"
-CARICOM ak depatman deta Meriken di yo tande bri k ap fèt men pa p aksepte you koudeta kont gouvènman restavèk yo mete kanpe ann Ayiti a
-Demokrat yo nan lejislati Meriken an di yo pran sant "insider trading" koken manm kongrè a yo ap fè koze tarif monte desann Donald Trump lan
-Tchoul restavèk Nayib Bukele, Prezidan El Salvador la nan mezon blanch nan Washington jodi a kote l ap pran pòz souvren li epi kòm se sa ekip Trump la vle, li di l pa p voye imigran Salvadoren Kilmar Abrego Garcia Trump te voye nan prizon lakay li tounen Ozetazini


Liy ouvè ak oditè yo


Nou jete dlo pou Vanyan Jean Denis Joseph asasen krible ak bal nan Petyonvil 20 oktòb 2022, mwens pase yon mwa apre l te motive pèp Petyonvil kouri dèyè kriminèl PHTK Magaly Habitant ki t ap ouvè kò l nan yon manifestasyon kont Ariel Henry

https://www.youtube.com/watch?v=GkIF6gaFuDw

Anons