Listen

Description

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Nou sonje Patrick Dorismond; Dahoud anonse li kite KOMOKODA; Levanjil Liberasyon ak Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Nou jete dlo pou Patrick Dorismond; Yè 16 mas 2025 lan fè 25 lannen depi lapolilis NYC te sasinen l


Dahoud anonse li kite KOMOKODA


Nou salye sè nou Cleopatra Egypt ki te pataje enfòmasyon sou liv li Magical Horses - An Original Haitian Folktale ak nou


Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines


Nouvèl:
-Houthis yo nan Yemen deside rekoumanse atak yo sou batiman Israel ak bizawèl li yo ki chache travèse lamè wouj la; Apre Etazini fin bonbade Saana, kapital Yemen ak plizyè lòt kote nan peyi a samdi a yo atake yon gwo pòt avyon Meriken ki rele Harry S. Truman dimanch maten
-Ekip Trump lan deside fèmen Vwa Lamerik ak tout lòt radyo pwopagann gouvènman Meriken yo
-Putin anonse batay ap kontinye nan Ikrèn jiskaske Ikrèn aksepte kondisyon defèt li epi depoze tout zam
-Responsab nan kò "Marines" Meriken anonse akoz pil ak pakèt zam nan lasnal yo Meriken voye nan Ikrèn yo pa an mezi reponn nan ka peyi yo ta bezwen sèvis yo
-Meriken ak Israel mande 3 peyi Afriken: Sudan, Somali, ak Somaliland pou ebèje refijye Palestinyen Gaza yo nan peyi sa yo


Liy ouvè ak oditè yo


Anons