Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons; Nou pase edisyon 12 jiyè 2025 emisyon frè nou Manno Louizaire anime; Liy ouvè ak oditè yo; Anons  ...


*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Dat mobilizasyon nou mande kominote a mete nan kalandri
-Vandredi 25 jiyè, 7pm: Selebrasyon nesans Papa Desalin @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-Dimanch 27 jiyè, 3pm-7pm: Town Miting pou make 110 lannen Okipasyon Meriken 1915-1934 la @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-Lendi 28 jiyè, 3pm-6pm: Manifestasyon devan katye jeneral Citigroup pou n al denonse vòlè yo pou rezèv lò peyi nou Etazini vòlè 17 desanm 1914 ki lakay yo jouk jodi a


Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines


Nouvèl:
-Prezidan Kolonbi a Gustavo Petro fè 2yèm vizit li lakay nou nan 6 mwa
-Arestasyon boujwa patripòch Reginald Boulos nan Florid
-Trump soti pou l mache sou fyèl tout sa k pa dakò ak li sou nenpòt ki dosye:
--50% taks anplis sou Brezil si Lajistis peyi sila a pèsiste pou jije zanmi l Jair Bolsonaro
--Bawon pati Demokrat la yo mande yon envestigasyon sou revokasyon Colbert
--L ap bloke 4 milya dola pou nouvo teren ekip Football Washington Commanders si yo pa tounen ak non "Washington Redskins"
 -Mesaj " Adrès Ala Nasyon" nouvo anbasadè Meriken Henry Wooster voye bay pèp Ayisyen an; Kèl komedi!


Nou pase edisyon 12 jiyè 2025 emisyon frè nou Manno Louizaire anime


Liy ouvè ak oditè yo


Anons