Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Emisyon espesyal: Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Ranmase sou Fowòm TPS pou Ayisyen an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Ti koze ak fanmi UNIA a ki nan "Dance Africa"; Liy ouvè ak oditè yo; Konbit pou EPD; Anons  ...


*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Ramase sou fowòm sou TPS Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen ak National TPS Alliance te fè vandredi swa pou enfòme kominote a sou dènye devlopman nan dosye TPS pou Ayisyen


Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines


Nouvèl:
-Rat OEA Albert Ramdin, ki soti Surinam derape manda li kòm Sekretè Jeneral òganizasyon tchoul Meriken sa a
-Meriken mande pou OEA pran responsabilite dosye sekirite Ayiti a
-Premye Minis Ladominik lan Roosevelt Skerrit mande pou negosyasyon fèt ak gang yo pou rezoud pwoblèm sekirite peyi nou
-Reprezantan gouvènman kwoupyon k lakay nou an fè OEA konnen wè pa wè fandòm ak tout ekelsyon an ap fèt kanmenm
-Ti komik Jerry Tardieu denonse pwojè nouvo konstitisyon k sou tab la
-Batonye lòd Avoka Pòtoprens Patrick Pierre Louis anonse Komite Pilotaj la pa gen konpetans pou pwopoze peyi a yon nouvo konstitisyon


Ti koze ak frè nou Raymond Dugué, responsab nan UNIA api ak "Nèg Mawon" ki aktyèlman nan aktivite "Dance Africa" ki fèt chak ane nan Brooklyn nan


Konbit pou sipòte Eritye Papa Desalin


Liy ouvè ak oditè yo


Anons