Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Mesaj pòt pawòl beton an Guerline Morisset; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...


*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin; Nou remèsye oditè yo ki te rele semèn pase pou bay sipò yo pou konbit "radyoton" Radio Omega a


Rapò ak son patisipasyon KOMOKODA nan manifestasyon "May Day" jedi Premye me a ki te derape nan Foley Square nan Manhattan; KOMOKODA frape pou egzije yon estati pèmanan pou tout imigran ki pa asire nan peyi Etazini epi nou te denonse wòl Etazini nan jenosid k ap fèt nan Palestine nan epi ann Ayiti


Nou pase mesaj Guerline Morisset, "pòt pawòl beton" an sou dosye Meriken k mete "Viv Ansanm" nan lis teworis; Sou ensekirite a; Ki mele Ayisyen pap mouri?


Reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini sou Ayiti Mèkredi pase


Yon Ayisyen dorijin ki se yn ansyen sòlda Lameriken Rod Joseph bay entèvyou nan Radio Tele Metropole ak nan emisyon Kreyòl Dr. Jean Fils-Aimé kote l deklare gen yon kategori zam nou wè nan men gang teworis yo se nan Anbasad Meriken ann Ayiti yo soti 


Mobilizasyon pou manif KOMOKODA pral fè Mèkredi 7 me, 3pm-6pm devan Konsila dominiken nan Manhattan nan


Liy ouvè ak oditè yo


Anons