Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Ti koze ak frè nou Borgela Philistin Jr. ki nan koridò lanmò (Deathrow) nan Pennsylvania; Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project; Anons  ...

*******

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines

Nouvèl:
-Gouvènman Meriken anonse apati mwa Oktòb la Ayisyen pral blije al fè randevou Anbasad Ameriken yo nan Bahamas; Vandredi a PM Bahamas la di peyi l pa yon savann
-FAA ranvwaye dat pou avyon komèsyal Meriken ateri Ayiti pou mas 2026
-Anons 3 septanm Depatman Homeland Security pou anile TPS pou Venezyelyen yo; Nouvo desizyon jij Federal Edward Chen ki kase desizyon 3 sepetanm ekip Trump la
-Li parèt restavèk lakay nou yo, CARICOM, ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an yo tout koube yo devan pwojè 5,500 Fòs pou kraze gang Meriken an

Ti koze ak frè nou Borgela Philistin Jr. ki nan pèn lanmò nan Pennsylvania depi 1995

Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, direktris Flanbwayan Haitian Literacy Project sou lekòl ki fèk ouvè pou ane 2025-2026 la epi sou anivèsè 20 lannen Flanbwayan

Liy ouvè ak oditè yo

Anons