Listen

Description

Nou salye oditè nou yo epi nou remèsye fanmi yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak nou; Dosye Reginald Boulos la te nan tribinal federal nan Miami yè; Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons

*********

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Dosye Reginald Boulos la te nan tribinal federal nan Miami yè madi 26 out la; Avoka dòk la di jij la se an jwèt msye te renmèt sitwayènte Meriken li jou ki te 14 fevriye 2008 la epi pa gen okenn dokiman ofisyèl ki sètifye sa

Repòtaj Kay Vwazen Kiba ak frè nou Hilario Batista

Nouvèl:
-Alix Didier Fils Aimé nan Washington pou konsiltasyon ak Nasyonzini, CARICOM, ak OEA; Pou di opinyon ak siyati Fils-Aimé ta ka angaje pèp Ayisyen an
-Entèvyou nan Youtube ak Erik Prince sou dosye Ayiti a (Salopri a pa konn non chen l):
https://www.youtube.com/watch?v=7wnyvCjkOkI

Anons