Listen

Description

Nou remèsye sipòtè nou yo; Biznis transpò elikoptè Pòtoprens-Okap leta Ayisyen t ap fè a kanpe; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou repase entèvyou nou te fè ak Mèt Mario Joseph 21 jiyè 2022; Anons


*********


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Elikoptè ki t ap fè wout Pòtoprens-Okap la pran bal; Li pa p fè wout la ankò; Nòt pou laprès konpayi k ap jere elikoptè a aprann nou se leta Ayisyen ki lwe li nan men etranje


Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista


Nou pase entèvyou nou te fè 21 jiyè 2022 ak Mèt Mario Joseph kote nou te gade sitiyasyon peyi nou: Renouvèlman manda BINUH; Pwojè tranzisyon Koupe Fache Montana a; Dosye "Ti Minista" yo (timoun ki se pitit sòlda Minista yo ak fanm Ayisyen; Jounal Haiti Liberté k ap chache fè lemonn konprann se revolisyon gang teworis yo ap fè ann Ayiti


Kalite manifestasyon nou pa wè depi 2018 fèt jodi a ann Ayiti


Anons