Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Avyon IBC ateri nan ayewopò entènasyonal Okay; Nouvèl; Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou sitiyasyon peyi nou Ayiti; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...

*******

Entwo

Nou salye fanmi k ap koute yo

Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin

Konbit pou fèt 15yèm anivèsè Radio Omega

Yè lendi a avyon IBC fè premye vòl li soti Miami rive Okay ak 30 pasaje epi l retounen ak 20 pasaje; Malgre konpayi a te di pri a t ap ant $300 rive $500 ale retou, pri a se te $1500

Nouvèl:
-Sena Meriken an pase pwopozisyon tanporè pou debloke bidjè federal peyi a jiska fen mwa janvye 2026; Demen pwopozisyon an pral parèt devan chanm depite a epi si l pase pou Trump siyen li plop plop
-Donald Trump di ti koze "tarif" li a tèlman byen mache chak sitwayen peyi a ki peyi taks pral jwenn yon diplis $2,000 ane sa a; Depatman Trezò peyi a ki pou ta voye kòb la di popilasyon an tanpri panko mete dlo sou dife
-Minis Defans peyi Tazini, Pete Hegseth di li eklate 2 lòt ti kannòt ak 6 moun ladan yo; Nan rankont peyi CELAC yo ak Inyon Ewopeyen gwo deba fèt sou sasinay gouvènman Meriken an ap fè sitwayen Venezyela ak lòt peyi nan zòn nan epi menas l ap fè sou Kolonbi ak Nikaragwa

Refleksyon frè nou Jean Paul Spence sou sitiyasyon peyi nou Ayiti

Konbit pou pelerinaj Jounen Nasyonal Dèy la jedi 27 novanm ak fanmi endijèn nou yo nan Plymouth, Mass

Liy ouvè ak oditè yo

Anons