Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nou fè yon ti koze sou lavi Enperatris la ak frè nou Guesly Morisseau (Ti Gous); Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...

*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Jodi 12 out la se dat anivèsè nesans Enperatris Marie Claire Heureuse Felicité Bonheur; Se 5yèm dat sakre Konstitisyon 20 me 1805 la mande pou tout Ayisyen selebre; Nou fè yon ti koze sou lavi Enperatris la ak frè nou Guesly Morisseau (Ti Gous); Nou dedye segman an ak sè nou Madam Carole Bienvenu


Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph


Nouvèl
-Apati 20 out 2025 la semèn pwochèn imigran k ap soti nan yon gwoup peyi Meriken evalye ki pa tounen lakay yo lè vini kòm touris Ozetazini ap gen pou peye yon kosyon (bond) anvan yo rantre
-Vandredi ap genyen yon rankont negosyasyon nan Alaska sou dosye Ikrèn nan ant Trump ak Vladimir Putin


Liy ouvè ak oditè


Anons