Look for any podcast host, guest or anyone

Listen

Description

Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence; moso nan entèvyou Radio Haiti Inter te fè 23 out 1997 ak Pastè Joel Jeune epi ak Pastè Eddy St Ange Volcy; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...

*******


Entwo


Nou salye fanmi k ap koute yo


Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin


Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou Seremoni Bwa Kayiman 2025 nan Prospect Park la; Sou koze Erik Prince lan; epi sou pastè yo ki kontinye lit yo pou yo konvèti Boukman


Nou pase moso nan entèvyou Radio Haiti Inter te fè 23 out 1997 ak Pastè Joel Jeune epi ak Pastè Eddy St Ange Volcy k ap defann dwa yo pou yo mache sou fyèl Boukman


Nouvèl:
-"Sektè Prive" a mete tout grif li ak gwo fòs lajan deyò pou l pran kontwòl peyi nou nèt alkole
-Pil ak pakèt Ayisyen k t ap viv nan Springfield, OH vire do yo al bouske lavi lòt kote


Liy ouvè ak oditè


Anons