Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Dat mobilizasyon nou mande kominote a mete nan kalandri; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Dat mobilizasyon nou mande kominote a mete nan kalandri
-Vandredi 25 jiyè, 7pm: Selebrasyon nesans Papa Desalin @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-Dimanch 27 jiyè, 3pm-7pm: Town Miting pou make 110 lannen Okipasyon Meriken 1915-1934 la @ Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan
-Lendi 28 jiyè, 3pm-6pm: Manifestasyon devan katye jeneral Citigroup pou n al denonse vòlè yo pou rezèv lò peyi nou Etazini vòlè 17 desanm 1914 ki lakay yo jouk jodi a
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl
-Finalman Gouvènman Meriken an esplike li arete Reginald Boulos pou kolaborasyon li ak gang teworis Viv Ansanm epi pou wòl li nan koripsyon ki rive destabilize peyi d Ayiti
-Minis Afè Etranjè Meriken an Marco Rubio anonse Etazini ap arete epi depòte nenpòt Ayisyen yo ta detèmine k ap sipòte gang teworis yo menm si moun sa a ta gen yon kat rezidans pèmanan; Nou mande ki lè y ap deside fèmen bwat fatra ki rele Haiti Liberté a ki kontinye ap fè pwopagann pou gang?
Segman frè nou Jean Paul Spence kote l pale sou move enfliyans legliz pwotestan yo nan peyi nou
Liy ouvè ak oditè yo
Anons