Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Nou remèsye fanmi k te rele nou pou fè refleksyon yo sou kòmantè nou te fè nan koumansman emisyon an yè
Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph
Nouvèl:
-Anplis Gouvènman Trump la mete yon biten 50 milyon dola sou tèt Nicolas Maduro, yo menase epi sèke Venezyela, Brezil, Meksik ak sanksyon, tarif, sòlda ak batiman lagè
-Trump voye gwo eskwad militè pou jere sekirite nan Washington DC epi li di l ap rive Chicago, New York ak plizyè vil Demokrat Ozetazini
-Prezidan Ikrèn nan Zelensky mande peyi Ewòp yo 1 milya dola chak mwa pou yo balanse lajan ak zam Trump di l pa p kontinye bay; Nan selebrasyon endepandans peyi a dimanch lan Zelensky di li pa p negosye yon ti bout nan teritwa peyi li
-Tèt chaje ak nouvo inisyativ ekip Trump lan pou rive nan chif 3000 imigran yo deside ranmase chak jou pou fèmen nan prizon epi depòte
-Mèsenè Kenya k ann Ayiti yo ap bat bravo dèske yo di yo dewoute Viv Ansanm nan antèn Teleco nan Kenskòf la; Yo di anpil gang tonbe
-Nouvo gid pou ajan imigrasyon Meriken mande pou yo pran pozisyon politik moun ki vle rantre Ozetazini nan tout desizyon yo
-3 lannen prizon pou ansyen polisye Florid Michael Adrian Nieto dèske l t ap achte zam pou vann ak moun ki t ap voye yo Ayiti; 11 lannen nan prizon pou Ernesto Vasquez ki t ap fè zam sa yo rive ann Repiblik Dominikèn, Puerto Rico, epi Ayiti
-Donald Trump di anpil Meriken ta prefere yon diktati olye sa yo rele demokrasi a; Epi li di l san lè chanje non ministè defans lan pou l rele l ministè lagè
-Tout enstitisyon tèt anba nan yon peyi tèt anba
Liy ouvè ak oditè
Anons