Nou salye epi remèsye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ...
*******
Entwo
Nou salye fanmi k ap koute yo
Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin
Rapò manifestasyon KOMOKODA fè yè lendi 28 jiyè a devan lokal Citigroup nan Manhattan
Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou sè nou Darnell Benoit, reponsab Flanbwayan Haitian Literacy Project ki pèdi manman l
Jodi a t ap fè sè nou Tita (Martha St. Clair) 66 rekòt kafe si l pa t fè travèse li 31 me 2025 ki sot pase a
Dezyèm pati emisyon Pawòl Bosal frè nou Manno Louizaire anime kote Gardy Thomas pale sou enpòtans ak eritaj Frantz Fanon
Nouvèl
-9 senatè Meriken ekri administrasyon Trump lan yo lèt pou mande l klarifye nan ki kondisyon yo deside voye Ayisyen ki jwenn refij Ozetazini tounen nan yon peyi ki nan lagè
-Jij federal Leo Sorokin pran yon desizyon pou bloke dekrè Donald Trump pou Etazini pou bay tout timoun ki fèt isit sitwayènte Meriken
-Yon gwoup lejistatè Meriken ap pwopoze yon nouvo lwa pou mete yon mache prese sou reta ki genyen nan pwosesis pou travayè relijye (pè, pastè, imam, elatriye) jwenn kat rezidans pèmanan yo
-Yon jèn gason 27 lannen rantre anndan yon gwo bilding nan Manhattan nan epi l ouvè zam sou yon bann moun
-Dènye nouvèl sou lagè Etazini ak bizawèl yo ap fè kont Larisi atravè Ikrèn; Iltimatòm Trump fè sou Larisi
-Israel ak Etazini kontinye jenosid y ap mennen sou pèp Palestinyen an
Liy ouvè ak oditè yo
Plis nouvèl:
-Etazini anonse yo anile kat rezidans pèmanan Boulos
-Ti komik ann Ayiti yo anonse yon pwotokòl pou jere Ayisyen lòt peyi depòte oswa ekstrade
Nou pase istwa "Dejwe" ki se travay gran frè nou Jean Claude Martineau (Koralen)
Anons